Quick phrases for emergency responders

It can be difficult for someone who has an emergency to communicate with emergency responders when he or she does not speak English. The following phrases are what an LEP may say when requesting help. Click on the audio icon to listen.

Li kapab difisil lè yon moun ki pa pale angle gen yon ijans epi li pa ka kominike ak moun ki ka voye sekou pou li a. Piba la a se kèk fraz yon moun ki pa pale angle bezwen konnen lè l ap mande èd. Klike sou ikòn odyo a pou w ka tande.

 

English (Angle) Creole (Kreyòl) Listen/Koute
I  have  an  emergency. Mwen gen yon ijans.
Please send help immediately. Tanpri voye èd imedyatman.
I need help, please. Mwen bezwen èd, souple.
Can you help me please? Èske ou ka ede m, souple?
Please  send  me  an  ambulance. Tanpri, voye yon anbilans pou mwen.
Please  send  me  the  police. Tanpri, voye lapolis pou mwen.
Please  send  me  the  firemen. Tanpri, voye ponpye pou mwen.
My address  is Adrès mwen se
My  name  is Non mwen se
My  phone number is: Nimewo telefòn mwen se:
I  am  having  a  heart  attack. Mwen ap fè yon kriz kadyak
My  husband  is  having  a  heart  attack. Mari mwen ap fè yon kriz kadyak
My  wife is  having  a  heart  attack. Madanm mwen ap fè yon kriz kadyak
I am bleeding a lot. Mwen ap senyen anpil.
Can you call an ambulance? Èske ou ka rele yon anbilans?
Where is the doctor? Ki kote doktè a ye?
Where is the nearest hospital? Ki kote lopital ki pi pre a ye?
I’d like to report a crime. Mwen ta renmen deklare yon krim.
I had an accident. Mwen te fè yon aksidan.
I am being burgled. Yon moun ap kase kay mwen.
Someone is in the house. Gen yon moun nan kay la.
I can’t breathe. Mwen pa ka respire.
My child has a fever. Pitit mwen gen yon fyèv.
My baby is choking. Ti bebe mwen an ap toufe.
Help me. Ede mwen.
I am  very sick. Mwen malad anpil.
I have a headache. Mwen gen yon tèt fè mal.
I have a stomach ache. Mwen gen yon vant fè mal.
heart attack kriz kadyak
fever fyèv
sore throat gòj fè mal
infection enfeksyon
ear infection enfeksyon  nan zòrèy
cough tous
vomitting vomisman
rash gratèl
an accident yon aksidan
injured blese
unconscious pèdi konesans
bleeding senyen
fire dife
burglar/intruder kanbriyolè / vòlè



Top ten phrases every nurse should know

If you care for Creole-speaking patients, learning just a handful of phrases can improve your patient care. The following common phrases and questions can help you deal with an urgent situation and even save lives.

Ou kapab resevwa pi bon swen lè ou  konnen jis detwa grenn fraz ann angle. Men kèk fraz ak kesyon ki pral ede ou jere yon sitiyasyon ijan epi li ka menm sove lavi ou tou.

English/Angle Creole / Kreyòl Listen / Koute 
1.) Hi, my name is _____ and I am your nurse today.

 

Bonjou, mwen rele __________epi mwen se enfimyè ou jodiya.

 

2.) What is your name?

 

Kijan ou rele?

 

 
3.) Do you understand?

 

Èske ou konprann?

 

 
4.) Do you speak English?

 

Èske ou pale angle ?

 

 
5.) Are you in pain ? Èske ou santi doulè ?

 

 
6.) Can you point to where you are in pain?

 

Èske ou ka montre mwen kote k ap fè ou mal la ak men ou ?

 

 
7.) Do you have any family that you want us to call?

 

Èske ou gen yon fanmi ou vle nou rele pou ou ?

 

 
8.) Do you need to use the bathroom?

 

Èske ou bezwen ale nan twalèt ?

 

 
9.) It’s time to take your medication.

 

Li lè pou ou pran medikaman ou.

 

 
10.) Press this button if you need help.

 

Peze bouton sa a si ou bezwen èd.

 

 

 




How to communicate with Haitian patients when there are no interpreters available

When working with patients from diverse backgrounds, it is always best to use an interpreter. However, it is crucial to have some basic phrases on hand when an interpreter is not available. The following phrases will help you start a conversation with your Haitian patients while you wait or your interpreter.

 

Li toujou pi bon lè pwofesyonèl swen sante ki travay ak pasyan ki soti nan lòt peyi yo sèvi ak yon entèprèt. Men, l ap enpòtan pou w konnen ak konprann detwa fraz fondamantal sa yo lè pa gen yon entèprèt ki disponib. Fraz yo ki anba la a pral ede ou kòmanse yon konèsasyon ak pwofesyonèl swen sante ki pa pale kreyòl yo pandan n ap tann yon entèprèt.

Do you speak English? Èske ou pale angle?
Do you speak Creole? Èske ou pale kreyòl?
I understand. Mwen konprann.
I don’t understand. Mwen pa konprann.
I speak a little English. Mwen pale yon ti kras angle.
I speak a little Creole. Mwen pale yon ti kras kreyòl.
I speak English. Mwen pale angle.
I speak Creole. Mwen pale kreyòl.
I don’t speak English Mwen pa pale angle.
I don’t speak Creole. Mwen pa pale kreyòl.
Could you write that down ? Èske ou ka ekri sa ?
How do you say… ? Kijan yo di… ?
What does…mean? Kisa… siyifi ?
An interpreter who speaks creole will be coming shortly. Yon entèprèt ki pale kreyòl pral vin ede nou talè konsa.



How to introduce yourself to a Creole-speaking patient

Can you imagine needing to talk to a patient who doesn’t speak English during an emergency situation?  Here are some of the most basic greetings when introducing yourself to a patient.

Jodiya n ap kòmanse ak detwa fraz ou ka itilize pou prezante tèt ou premye fwa ou kontre ak yon doktè oswa enfimyè.

English (Anglè) Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole) Listen/Koute
Good Morning. Bonjou.
Good Evening. Bonswa.
My name is _______________. Mwen rele____________.
I am your nurse. Mwen se enfimyè ou.
I am your doctor. Mwen se doktè ou.
What is your name? Kijan ou rele ?
It is nice to meet you. Mwen kontan rankontre ou.
How are you? Kijan ou ye?
I am fine. Mwen byen.
I am not well. Mwen pa byen.
How do you feel? Kijan ou santi ou ?
I feel very good. Mwen santi mwen anfòm.
I don’t feel well. Mwen pa santi mwen byen.
I feel sick. Mwen santi mwen malad.
What caused you to come into the clinic today? Poukisa ou vini nan klinik la jodiya ?
What caused you to come into the hospital today? Poukisa ou vini lopital la jodiya ?
I have been vomiting for the past two days. Mwen gen de jou m ap vomi

On the next page, we will discuss symptoms and medical conditions.

Nan pwochen paj la, nou pral diskite sentòm ak pwoblèm medikal ou ka genyen.




Common symptoms and conditions that you must know

Poor communication can turn minor ailment into a major emergency. While we strongly recommend the use of an interpreter, this list of everyday health words can help you in a conversation with a patient.

Pwoblèm kominikasyon ka fè yon ti maladi senp vin yon gwo ijans. Malgre nou vrèman ankouraje ou itilize sèvis yon entèprèt, lis sa a gen mo sou lasante ki ka ede w jere yon konvèsasyon sou sante ou.

 

English (Anglè) Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole) Listen/Koute
abdominal pain vant fè mal
ache, pain doulè
back pain do fè mal
bite (insect) piki
bleeding senyen, bay san
blood in stool san nan poupou
bloody san, gen san
broken bone zo kase
bruise mak, kabòs
chest pain doulè nan pwatrin
common cold larim
constipation konstipasyon, sere
cough tous
cut (in skin) koupe, fann
dark urine pipi koulè fonse
decreased hearing tande pi mal
dental cavity twou nan dan
diarrhea dyare
difficulty swallowing difikilte pou vale
dizziness toudisman
earache zòrèy fè mal
fatigue fatig
fever fyèv, lafyèv
flu grip
frequent urination pipi souvan
gas gaz
hay fever rim sezon
head cold rim sèvo
headache tèt fè mal
heartburn kè brile
infection enfeksyon
injury blesi
joint pain doulè nan jwenti
loss of appetite pa gen apeti
nasal congestion nen bouche
nausea kèplen
nosebleed nen senyen
rash bouton, gratèl
runny nose nen koule
sneeze estènye
sore (adjective) fè mal (adjektif)
sore (noun) doulè (pain), maleng, plè
sore throat gòj fè mal
swelling anfle
swollen feet pye anfle
throbbing pain doulè k ap bat, doulè k ap lanse
tonsillitis amidal
vaginal discharge bay yon dlo, vèse anba
vaginal discharge bay yon likid, vèse anba
vertigo lawouli, tèt vire, toudisman
wheezing ral